Mezi sanitè “Tit 42 a” ki te pèmèt Etazini fèmen teritwal pou bare migran ki ap chache antre san papye depi kòmansman pandemi COVID-19, li ekspire a 11:59 p.m. Jedi (0359 GMT Vandredi).
Minis afè etranjè fransè Catherine Colonna mande Lachin Mèkredi pou sèvi ak "relasyon li ak Larisi" pou "fè li konprann ke li nan yon enpas" nan Ikrèn, se konsa li te pale nan Konsèy Minis yo, kote tokay Alman li Annalena Baerbock te prezan.
Yon responsab relijye fè konnen yon nèg a zam antre nan yon legliz Batis nan nòdwès Nijerya dimanch, kote yo kidnape 25 fidèl ki tap adore andan legliz la.
Konsèy Sekirite Nasyonzini an di Lendi li "enkyete anpil" pou sitiyasyon ki ap vin pi mal ann Ayiti, akoz vyolans gang ame yo, kote li fè wè tou jan sekretè jeneral la kontinye ap lanse apèl pou mande yon fòs entènasyonal pou Ayiti.
Prezidan peyi Venezyela, Nicolas Maduro, akize administrasyon Biden nan pou "piyaj" Citgo, yon konpayi raffinman petwòl ki baze Ozetazini e ki se pwopriyete PDVSA, yon jeyan konpayi petwòl venezyelyen.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Joe Biden siyen yon dekrè ki pare teren pou sanksyone moun ki enplike nan zak vyolans ki ap fèt nan peyi Soudan ki lakoz lanmò dè santèn moun.
Larisi lonje dwèt sou Etazini ki, dapre li, te patwone swadizan atak dronn Ikrenyen kont Kremlin an, e li fè konnen Moskou te dejwe atak la, men Washington demanti akizasyon an.
MOSCOU (AP) — Otorite Ris yo akize Ikrèn pou yon atak manke sou Kremlin an, kote yo te itilize 2 dron nan mitan lannwit nan efò pou asasinen Prezidan Vladimir Putin.
Ansyen prezidan brezilyen Jair Bolsonaro konfime Mèkredi ke Lapolis Federal te fè desant dè lye lakay li nan kapital la Brazilia nan kad yon ankèt sou swadizan fo kat vaksinasyon kont Covid, men li demanti akizasyon an.
Chèf Afè Imanitè Nasyonzini, Martin Griffiths, anonse Mèkredi ke li rive nan Port Soudan, yon vil sou lakot nan Soudan kote Nasyonzini rale kò li akoz lagè pou pouvwa ant 2 jeneral rival ki nan yon batay malouk nan peyi a depi 15 avril pase.
CLEVELAND, Texas (AP) — Yon cherif Texas di ke yo ap chache yon nèg ki nan mawon e ki anba akizasyon dèske li te ouvè kout zam sou vwazen li apre yo te mande li pou li sispann tire.
Pap Franswa, ki gen 86 lane, rive nan Ongri pou yon vizit 3 jou ki ta dwe santre sou migrasyon ak lagè a nan Ikrèn.
Prezidan Pewou a deklare yon eta dijans sou fwontyè peyi a, e li bay lòd pou deplwaye lame a pou ranfòse pòs kontwòl yo e bare migran k ap vwayaje soti nan peyi Chili.
Prezidan franse Emmanuel Macron rann omaj pou "ewo" Toussaint Louverture, nan okazyon 175e anivèsè abolisyon esklavaj an Frans, nan Château de Joux nan Doubs kote jeneral franko-ayisyen an te fèmen nan prizon jouk li te mouri.
Mezon Blanch kontan tande ke Prezidan Chinwa Xi Jinping te pale ak prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelensky, premye konvèsasyon ant 2 lidè yo depi kòmansman envazyon Ris la 24 fevriye 2022.
Prezidan Chinwa Xi Jinping asire tokay Ikrenyen li ke "Lachin te toujou kanpe sou bò lapè" nan premye apèl nan telefòn 2 lidè yo te genyen depi kòmansman konfli Larisi te lanse nan Ikrèn nan, dapre televizyon leta chinwa CCTV.
TALLINN, Estoni (AP) — Prezidan Byelorisi Alexander Lukashenko akeyi plizyè milye twoup Ris nan peyi a, e li te kite Kremlin sèvi ak peyi li pou lanse envazyon nan Ikrèn ane pase, epi li te ofri Larisi pou mete kèk zam nikleyè taktik lakay li.
Load more