Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen rankontre ak tokay Gwatemala li Alejandro Giammattei nan biwo Prezidans lan nan Taipei.
Prezidan Afrik di Sid, Cyril Ramaphosa, anonse ke "pati li a ki sou pouvwa a, Kongrè Nasyonal Afriken an (ANC), deside ke li pridan pou Afrik di Sid retire tèt li nan CPI “Tribrinal Penal Entènasyonal”.
Prezidan Kore di Sid, Yoon Suk Yeol, ap vwayaje Washington Lendi, nan objetif pou ranfòse koperasyon militè ant de peyi yo - ansanm ak tout Japon - yon fason pou kontrekare pwogram nikleyè Kore di Nò a.
Depite ewopeyen yo denonse, nan yon rezolisyon ke yo adopte Jedi, yon lwa ki gen ladan anpil represyon kont LGBT +, ki pase nan peyi Uganda, e yo lage avètisman bay Prezidan Yoweri Museveni pou li pa mete lwa a ann aplikasyon.
Prezidan ikrenyen Volodymyr Zelensky mande Sekretè Jeneral Òganizasyon Trete Nò Atlantik Jens Stoltenberg, pou envite peyi l vin manm Alyans la e li mande èd pou li kapab "konvenk" alye yo pou yo voye zam enpòtan bay Kyèv pou konbat Larisi.
Yon konvwa diplomat ameriken lendi te resevwa kèk katouch, men pat gen okenn moun ki blese dapre sa sekretè deta Ameriken Anthony Bliken te di.
Pòtpawòl Ministè Defans Ris la, Igor Konashenkov, di « Inite atak Wagner yo fè yon avans avèk siksè, kote yo pran 2 blòk nan alantou nò ak sid vil » Bakhmut.
Nan Peken prezidan Lachin ak Brezil rankontre Vandredi, kote yo met tèt yo ansanm pou yo lanse appel bay peyi devlope yo, pou mande yo kenbe pwomès yo te fè pou yo bay $ 100 milya dola chak ane pou ede peyi ki pi pòv yo konbat efè chanjman klima a.
Depatman Jistis Ameriken anonse Vandredi sanksyon kont rezo trafikan fentanyl ki ap sikile ant peyi Lachin ak Meksik.
Minis Defans Taiwan di ke li detekte 11 bato de gè Chinwa ak 59 avyon ozalantou zile a lendi, paske Peken gen pou l fè egzèsis ak zam reyèl pou fini twa jou manèv militè.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Komisyon sou Lachin nan Chanm Depite ameriken an di ke Etazini dwe pran menas Peken kont Taiwan yo oserye.
Prezidan Ris Vladimir Putin di nouvo anbasadè ameriken an nan Moskou ke se Washington ki responsab pou "kriz Ikrèn lan" pandan li t ap resevwa lèt kreyans anbasadè a nan yon seremoni ke Kremlin te òganize.
Load more