Putin di Anbasadè Inyon Ewopeyen an ke Inyon Ewòp la "Ouvè yon Konfwontasyon Jeopolitik" ak Larisi
Prezidan fransè Emmanuel Macron ateri nan Peken jodi Mèkredi a pou yon vizit deta 3 jou nan peyi Lachin, dapre sa Palè Elysee a di, e se premye vwayaj prezidan an nan peyi LaChin depi 2019.
Otorite Larisi yo akize ajans ransèyman Ikrenyen yo kòm mastèbrenn yon atak ak bonm ki fèt nan yon kafe nan Saint Petersburg touye yon blogger militè Ris ki te sipòte ak tout kè li envazyon Moskou nan Ikrèn nan.
Pap Franswa remèsye fidèl ki te priye pou li pandan li te entène lopital semèn pase a kote li te resevwa tretman pou bwonchit. Li te pale konsa pandan li t ap dirije lapriyè Angelus apre yon mès Dimanch sou plas Sen Pyè.
Nan yon diskou istorik devan Depute Alman yo, Wa Charles III avèti kont "menas” ke envazyon Ris la nan Ikrèn poze pou sekirite peyi ann Ewòp yo ak pou tout "valè demokratik nou yo".
2 elikoptè Black Hawk Lame Amerikèn fè aksidan nan eta Kentucky pandan yon misyon fòmasyon Mèkredi swa, kote "plizyè moun viktim", dapre otorite yo.
Pòtpawòl Depatman Deta, Vedant Patel, deklare Etazini byen akeyi anons sila kote otorite yo deside pran yon poz nan refòm yo te vle fè nan jistis peyi a pou yo kapab jwenn yon konpromi.
DAKAR, Senegal (AP) — Jent militè ki ap dirije peyi Burkina Faso a sispann emisyon France 24 nan peyi a poutèt yon entèvyou ak yon gwo rebèl jihadis.
Nasyonzini akize fòs Ikrenyen ak Ris deske yo komèt plizyè douzèn ekzekisyon apre yo te kaptire prizonye lagè pandan envazyon Ris la nan Ikrèn.
Nan yon diskou sou videyo konferans ke li fè nan yon tren, Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky pale ak lidè Ewopeyen ki te rasanble pou yon somè nan Briksèl.
Fanmi ewo ke yon aktè ameriken te reprezante nan fim "Hotel Rwanda" a, Paul Rusesabagina, espere wè li anvan lontan, apre gouvènman peyi Rwanda a te redwi santans prizon 25 ane li a vandredi.
Vandredi, Downing Street di se Prezidan franse Emmanuel Macron ki te mande ranvwaye vizit deta wa Charles III ak Camilla gen pou yo fè nan peyi Lafrans.
PDG TikTok Shou Chew pale devan kongrè ameriken an kote li rekonèt ke platfòm lap dirige a toujou gen ansyen enfòmasyon sou itilizatè ameriken ki stoke nan sèvè ke yo genyen nan peyi Lachin, e anplwaye Tiktok Chinwa yo toujou gen aksè ak enfòmasyon sa yo.
Katòz moun pèdi lavi yo mèkredi nan yon atak jihadis, pami yo 4 sòlda.
Otorite nan Ikrèn di mèkredi yon atak ak dronn pandan lannwit yè swa a pran lavi 3 moun pou pi piti nan rejyon Kyèv.
Madi, palman peyi Uganda pase yon gwo pwojè-lwa kont gason makonmè, ki pwopoze nouvo penalite sevè pou sitwayen ki gen relasyon gason ak gason, fanm ak fanm.
Prezidan Emira Arab Ini, Sheikh Mohammed bin Zayed, resevwa jedi Ali Shamkhani ki se Sekretè Konsèy Siprèm Sekirite Nasyonal peyi Iran. Vizit sa fèt pou make rapwòchman diplomatik ki fèt ant peyi Iran ak Arabi Saoudit.
Load more