Fòs Ris yo fè anpil siksè nan operason militè yo nan lès Ikrèn Samdi. Rejyon sa a totalman kaptire, apre plizyè gwo batay fewòs ki te genyen nan vil estratejik Severodonetsk ak antre nan vil Lysytchansk.
Komisyonè Dwamoun Nasyonzini konkli ke jounalis palestinyen-amerikèn Shireen Abu Akleh, ki te mouri 11 me pase a, te tonbe anba kout zam fòs defans Izrayelyen yo, dapre sa yon pòtpawòl fè konnen vandredi.
Otorite yo fè konnen Jedi ke 4 polisye ak 8 manm prezime gang pèdi lavi yo pandan yon operasyon pou sove moun ke gang yo te kidnape nan eta Jalisco nan lwès peyi Meksik.
Fòs Ris yo ogmante presyon yo nan direksyon Lyssychansk, ki se yon vil endistriyèl estratejik nan lès Ikrèn. Fòs Ris ogmante atak yo lavèy somè Ewopeyen an kote Kyev espere jwenn yon estati kandida ofisyèl pou li antre nan Inyon Ewopeyen an.
Apre otorite yo te mete on fen nan ankèt sou lanmò Maradona, ki te gen 60 an e ki te mouri nan ane 2020, yon jij nan peyi Ajantin anonse ke 8 pwofesyonèl lasante yo pral jije pou omisid envolontè .
Sekretè Jeneral Komite Òganizatè Koup di mond 2022 a, Hassan Al-Thawadi, ki t ap pale mèkredi, di Kantite tikè ki vann pou match koup di mond yo rive nan yon milyon 200 mil dola apre fen dezyèm faz lavant yo.
Yon syantifik Meksiken jwenn kondanasyon li Ozetazini pou l al pase 4 an prizon nan yon tribinal ameriken Madi yo akize li deske li tap fè espyonaj pou Larisi.
Depatman Deta a di Stephen Zabielski, ki gen 52 an, te pèdi lavi li nan Ikrèn.
Otorite lokal nan yon deklarasyon fè konnen ke neg ak zam te kidnape 36 moun dimanch nan 2 legliz nan nòdwès peyi Nijerya, apre yo fin atake plizyè bouk nan Eta Kaduna.
Samdi, otorite lokal pro-Ris yo te di nan yon deklarasyon, ke 5 sivil te mouri e 12 lòt blese nan bonbadman nan Donetsk.
Apre Franse yo te deside bay Emmanuel Macron yon 2èm manda 5 kan nan mwa avril la, yo vote dimanch pou yo anpeche l jwenn yon majorite nan Asanble Nasyonal la.
Bayern Minik pre pou siyen Sadio Mané sipèta Senegalè a ki ap jwe nan Liverpool , dapresa laprès Alman an rapòte Vandredi.
Load more