Kriz politik nan peyi Ekwatè pandan pep la ap manifeste kont lavi chè.
Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, fè yon vizit sipriz yon fwa ankò nan Kyèv vandredi, vizit sa a vini yon jou apre 4 lidè Inyon Ewòp la te fè yon vwayaj nan peyi a.
Emmanuel Macron, Olaf Scholz ak Mario Draghi kòmanse yon vizit nsn Kyèv Jedi, nan yon moman kote Inyon Ewopeyen an dwe deside semèn pwochèn si yo akòde Ikrèn estati kandida ofisyèl pou Inyon Ewopeyen an.
Polis lokal yo te deklare ke otorite yo te ede 35 tifi adolesan jwenn libète yo nan yon otèl ki nan sid peyi a, kote yon gwoup trafikan te fòse yo antre nan pwostitisyon e fòse yo tou bay nesans ak plizyè timoun, pou yo al vann.
Prezidan Joe Biden anonse yon nouvo èd militè pou Ikrèn, èd sa yo gen ladan n plis pyès atiyri, ansanm ak misil anti-bato, ki vo apeprè 1 milya dola.
Enstiti Nasyonal pou Maladi Enfektyez (NIAID), kote Doktè Anthony Fauci se direktè anonse Mèkredi ke konseye prensipal Prezidan Ameriken Joe Biden sou kriz sante, teste pozitif pou COVID-19.
Palman an, kote gouvènman Prezidan Daniel Ortega gen majorite a, dako pou sòlda ris ak ameriken antre sou tèritwa nikaragweyen an ak ekipman militè. 78 sou 91 depite te vote pou apwouve desizyon sa a.
Lendi, Federasyon foutbòl Salvadoryen an kondane lanmò yon abit, apre li te sibi atak vyolan pandan li tap abite yon match nan wikenn nan peyi Salvadò.
Larisi anonse Madi li entèdi 49 sitwayen britanik antre nan peyi a, pami moun sa yo gen jounalis ak plizyè reprezantan sektè defans la.
Jwè Ris ak Belarisyen, yo ke yo te eskli nan chanpyona Wimbledon, ap jwen opotinite pou yo patisipe nan chanpyona tenis US Open 2022 a.
Otorite yo dekouvri 7 kadav Lendi nan yon nouvo kavo toupre Boutcha. Yo te jwenn kadav plizyè sivil apre lame Ris la te kite rejyon Kyev la nan fen mwa mas la.
Lèl gòch ekip Real Madrid la Marcelo ki gen 34 an te fè yon "adieu " ki trè emosyonèl Madi, apre li te pase 15ane edmi nan klib la.
Premye Minis Justin Trudeau di ke li teste pozitif pou COVID-19, pou yon dezyèm fwa.
38 sitwayen gang te kidnape vandredi nan Pòtoprens, pandan yo tap vwayaje nan 2 minibis pou pran direksyon sid peyi a, jwenn liberasyon yo Samdi, dapre sa yon sendika nan transpò piblik la te anonse.
Load more