Yo te arete 30 moun nan peyi Kòt d'Ivwa depi nan mitan mwa avril la epi yo te sezi plis pase 2 tòn kokayin nan vil San Pedro nan pò Abidjan an dapre sa avoka leta Richard Adou te di nan Jedi.
Etazini avèti Jedi dènye "pwovokasyon" Teheran nan dosye zam atomik yo riske mennen li nan "yon kriz nikleyè ki ap grav" e sa ap "ogmante plis izolasyon li nan sektè ekonomik la ak politik".
Yon jèn Ameriken tonbe anba akizasyon Mèkredi pou tantativ asasina, apre otorite yo te arete l, byen ame, toupre kay yon jij konsèvatif nan Kou Siprèm nan Etazini, dapre otorite yo li te vle touye jij la epi poul te tiye tèt li apre.
Vil Severodonetsk ki sitiye nan Lès Ikrèn, kounye a "lajman" anba kontwòl Larisi apre batay feròs, dapre dekarasyon ke gouvènè rejyon an te fè Mèkredi.
Prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro, ale nan peyi Tiki ayè Madi pou yon vizit ofisyèl, nan moman "Somè Amerik yo" ap dewoule Ozetazini, kote Washington deside pa t envite l.
Anviwon 800 sivil al pran refij nan yon izin chimik nan Severodonetsk, ki sitiye nan lès peyi Ikrèn, yon rejyon kote bagay yo mangonmen ant lame Ikrenyen ak lame Ris la depi plizyè jou.
Otorite Ikrèn yo te denonse Madi arestasyon lame Ris la fè kote yo mete nan prizon prèske 600 moun, pami moun sa yo gen jounalis ak aktivis pro-kyiv.
Nan vil Chattanooga nan eta Tennessee 2 sitwayen pèdi lavi yo anba katouch e yon twazyèm sitwayen mouri apre yon machin frapel pandan li tap kouri pou fiziyad la.
Avoka Ameriken Michael Avenatti, ke mond lan rekonèt kòm yon ènmi Donald Trump, jwenn kondanasyon pou al pase 4 ane nan prizon apre la jistis jwenn ni koupab deske li vòlè $ 300,000 nan men yon aktris pònografi ki te deklare ke li te ann afè ak ansyen Prezidan Trump sa gen 15 zan de sa.
Yon lòt fiziyad Ozetazini Samdi: 3 moun jwenn lanmò yo e 11 lòt blese apre plizyè moun te louvri kout zam sou yon foul moun nan aswè nan vil Filadelfi, eta Pennsilvani.
Prezidan Senegal la, Macky Sall, ki se prezidan Inyon Afriken an, di li santi li "rasire" apre rankont li ak Vladimir Putin sou lapèrèz ke peyi afriken yo genyen paske yo panse sanksyon yo ta pral kreye yon kriz manje sou kontinan an.
Prezidan Senegal la, Macky Sall, Revoke Minis Sante peyi a apre lanmò 11 ti bebe nan yon lopital piblik nan yon pwovens peyi a.
Ministè Afè Etranjè a nan Pyongyang anonse Lidè Kore di Nò, Kim Jong Un, Felisite Rèn Elizabèth II pou 70 an depi L ap Gouvène La Grann Bretay
Larisi entèdi plizyè sitwayen kanadyen antre sou teritwa li.
Migran ayisyen ki bloke sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la nan Tijuana denonse politik migrasyon Washington genyen anvè yo Jedi apre lanmò 2 nan yo sou fwontyè a.
Prezidan Senegal Macky Sall, ki se aktyèl prezidan Inyon Afriken an, vwayaje Larisi Jedi pou yon chita pale ak tokay Ris li Vladimir Putin Vandredi nan Sochi, dapre sa biwo li a te di nan yon deklarasyon.
Sekretè d Eta ameriken an, Antony Blinken, deklare Mèkredi a ke Ikrèn bay Etazini "asirans" ke li pa pral sèvi ak nouvo sistèm misil ke Washington pwomèt yo pou vize sib ki sou teritwa Ris.
Minis enteryè Lafrans di li regrèt deske yo te itilize gaz lakrimojèn kont fanatik foutbòl yo ki te andeyò stad la nan match final Lig dè chanpyon an ant Liverpool ak Real Madrid.
Sekretè d'Eta Ameriken Antony Blinken lanse yon avètisman mèkredi pou l reponn menas Prezidan Tik la, Recep Tayyip Erdogan fè pou di li vle lanse yon nouvo operasyon militè nan peyi Siri.
Load more