Videyo yon etidyan blan k ap pipi sou òdinatè ak liv yon kamarad klas li ki nwa : tap sikile sou enténet la Lendi, e videyo sa te pwovoke kòlè anpil moun nan peyi Afrik di Sid.
Dapre yon deklarasyon ki soti nan biwo "Prezidan" Anatoly Bibilov ", li siyen yon dekrè pou dewoulman yon referandòm nan Repiblik la nan Oseti Sid"
Minis Defans Ris la fè konnen Vandredi ki sot pase la a, lame peyi l te lanse misil sou rejyon Poltava, e li te tire tou sou yon depo gaz.
Otorite ameriken yo te anonse vandredi ki sot pase la a, 11 moun ki mouri nan nofraj bato ki t ap pote migran nan Pòtoriko yo se te fanm. Dapre nouvel yo, 38 moun ki pat peri nan nofraj la e majorite migran yo se sitwayen ayisyen ak dominiken.
Elon Musk, nouvo pwopriyetè Twitter la, deklare li pare pou l leve sispansyon pèmanan ke Twitter te deside kont Donald Trump apre gwoup ki t ap jere rezo sosyal la te deside sispann kont li a akoz atak ki te fèt sou Kapitòl la.
Prezidan ameriken an, Joe Biden, prezante felisitasyon li bay Ferdinand Marcos Jinyò ki ranpòte eleksyon prezidansyèl la nan Filipin. La Mezon Blanch fè konnen, mèkredi, prezidan an te rele Ferdinand Marcos Jinyò nan telefòn.
Peyi Ondiras ekstrade Ozetazini ansyen direktè polis nasyonal la, Juan Carlos "El Tigre" Bonilla, poutèt li te "sipèvize" yon operasyon trafik dwòg o non ansyen Prezidan Juan Orlando Hernandez ki konparèt devan yon tribinal madi nan New York.
2 lopital nan Pòtoprens deside kampe tout aktivite "jiska nouvèl òd " apre enkoni te kidnapem jedi 6 me a, yon pedyat ki t ap travay nan youn nan lopital yo.
Dimanch 9 me a, toupre Pòtoprens, kapital ayisyèn nan, gang a zam kidnape 12 moun, pami yo gen 8 sitwayen tik.
Lamezonblanch anonse dimanch ke "peyi G-7 yo pran angajman pou yo sispann oswa limite pwogresivman enpòtasyon gaz ris la".
Load more