Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy te akize Larisi nan dimanch ke li vle "detwi" e disparèt tout rejyon lès Donbass la.
Televizyon leta Ris difize yon videyo Lendi sou 2 prizonye, ke yo rive idantifye kòm sitwayen Britanik, Shaun Pinner ak Aiden Aslin, nan videyo a 2 sitwayen Britanik yo te di ke yo te kaptire yo pandan yo te ap goumen nan Ikrèn epi mande Premye Minis Boris Johnson pou negosye liberasyon yo.
Larisi voye yon plent fòmèl bay Etazini semèn sa pou li avèti gouvènman ameriken an sou "konsekans kap genyen" apre yo voye èd militè bay Ikrèn.
Yon sous nan ayewopò Moskou a di AFP ke yon avyon espesyal Moskou te dekole samdi nan ayewopò Paris-Roissy pou l te mennen diplomat Ris yo tounen nan Larisi, apre Lafrans te ekspilse yo akoz lagè a nan Ikrèn.
Ministè Defans Ris la anonse dimanch ke li te bonbade yon faktori militè ki toupre kapital peyi a Kyev, nan moman Moskou entansifye atak li yo sou direksyon kapital peyi a nan dènye jou sa yo.
Prens Harry ansanm ak madanm li Meghan, al vizite grann li, Rèn Elizabèt II Jedi, pandan yon eskal nan la Grand Bretay anvan yo te vwayaje nan La Haye, dapre sa yon pòtpawòl koup la te di laprès.
Otorite rejyonal yo anonse Vandredi, ke gen omwen 10 moun ki mouri e 35 lòt blese nan bonbadman militè Ris yo te fè sou yon zòn rezidansyèl nan Kharkiv, nan Ikrèn.
Larisi anonse Vandredi ke li te detwi yon faktori zam nan tout savann pou bèt yo nan Kyev e asire ke frap yo sou kapital la Ukrenyen an ta dwe entansifye pou reponn a atak ki te fèt sou teritwa Ris.
Minis Afè Etranjè Ris la te avèti Vandredi Manm Òganizasyon Trete Atlantik Nò a nan Syèd ak Fenlann ta gen konsekans pou yo ak sekirite Ewopeyen an si 2 peyi sa yo vinn manm LOTAN .
Kwazyè Moskva ki se yon bato ris ki nan Lanmè Nwa a, te pran dife e Ikrèn te di se li menm ki te koze dife a apre yo te lanse yon misil sou li. Ministè Defans Larisi a anonse ke Bato a koule.
Emmanuel Macron jistifye desizyon li pran pou li pa itilize mo jenosid kont Vladimir Putin pou li dekri lagè La Risi nan Ikrèn, li kwè ke itilize mo sa ap kreye yon "eskalasyon vèbal" e sa pa pral "ede Ikrèn" e se yon avoka ki pou deside si se jenosid, pa yon politisyen."
Pwokirè Tribinal Kriminèl Entènasyonal la, Britanik Karim Khan, te dekri Mèkredi sak ki ap pase nan Ikrèn kòm yon "sèn de krim", apre yon vizit li te fè nan Boutcha, ki toupre Kyiv.
Lame Ris la te menase Mèkredi pou li frape sant kòmand yo nan Kyev apre Moskou akize Ikrèn kom kwa l ap tire sou teritwa Ris yo.
Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau te pale de yon "jenosid" nan Ikrèn pou premye fwa Mèkredi. Li swiv egzanp Prezidan Ameriken Joe Biden, ki te itilize menm pawol la nan Madi.
Ikrèn Jedi anonse reouvèti evakyasyon sivil yo atravè koridò imanitè, ki gen ladan vil Mariupol ke fòs ris yo te sènen.
Kremlin an deklare Mèkredi ke deklarasyon Prezidan Ameriken Joe Biden te fè yo "inakseptab", Biden te akize tokay Ris li Vladimir Putin te komèt "jenosid" nan lagè a nan Ikrèn.
Etazini ap mande yon nouvo rezolisyon LONU sou Kore di Nò apre rejim kanson fè a te teste yon misil balistik entè-kontinantal 24 Mas pase a.
Ministè Defans Ris la te di Mèkredi ke gen plis pase mil sòlda Ikrenyen te rann tèt yo bay fòs Larisi nan vil Mariupol, yon pò estratejik sou Lanmè Azov la ke Ris yo sènen pandan plizyè semèn.
Load more