Otorite Britanik yo ap eseye verifye si fòs Larisi yo te itilize zam chimik nan Mariupol. Gouvènman Britanik la avèti Madi ke "tout opsyon" yo sou tab la si yo verifye ke Larisi te Itilize zam chimik vreman vre.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy denonse "plizyè santèn ka vyòl" nan zòn kote lame Ris la te okipe, "ki gen ladann ti fi ak timoun piti anpil".
Pwezidan Ris la Vladimir Putin te vizite kosmodwòm Vostochni Madi, e li salye lit "kouraj" ofisye Ris yo ki "ap patisipe nan operasyon militè espesyal la nan Donbass".
Chanselye Ostralyen Karl Nehammer eseye jwenn yon akò pou yon koridò imanitè pandan reyinyon li Lendi nan Moskou ak Prezidan Vladimir Putin.
"Batay ki ap fèt nan Donbass la pral dire plizyè jou, e nan jou kap vini yo tout vil yo ka konplètman detwi, se avètisman sa ke " Sergey Gaidai, ki se gouvènè rejyon Lugansk nan Donbass la te bay.
Plizyè Jandam fransè ale Lviv, ki nan lwès Ikrèn, pou ede Ikrenyen yo "nan envestigasyon yap mennen kont krim lagè ki komèt alantou Kyev". Se sa anbasadè franse a nan Ikrèn deklare Lendi.
Lame Ikrèn an di Lendi l ap prepare pou "yon gwo batay" nan pò Mariupol la ki trouve li nan sidès peyi a , ki te sou kontwòl lame Ris la depi plis pase 40 jou.
2 jou apre masak nan estasyon tren Kramatorsk ki trouve li nan lès Ikrèn, popilasyon an kontinye ak evakyasyon yo.
Premye Minis Britanik la, te vizite Kyev Samdi e li te mache nan lari a ansanm ak Prezidan Volodymyr Zelenskyy. Se te yon vizit sipriz, kote otorite inyon ewop la te pwomèt pou l bay Ikrèn machin blende ak misil.
Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, anonse Samdi, ke entènasyonal la ranmase 10.1 milya ewo pou sipòte Ikrèn ki nan lagè a kont Larisi.
"Ikrèn pare pou batay. Ikrèn dwe genyen batay yo, ki gen ladan Donbass ", se deklarasyon sila konseye prezidansyèl Ikrenyen an, Mykhaïlo Podoliak te fè.
Akademi Sinema a ki oganize seremoni pri Oscar yo deside vandredi entèdi Will Smith patisipe nan nenpòt seremoni oswa evènman li pral òganize pandan 10 pwochen ane yo, kòm pinisyon pou kalòt li te bay komedyen Chris Rock lan.
Prezidan franse a Macron fè konnen ke Prezidan Ris la Putin chanje strateji paske peyi Larisi vle deklare la vitwa nan lagè l ap mennen nan Ikrèn lan .
Apre Washington ak Brussels, kounya se tou pa Wayòm Ini ki sanksyone Vandredi 2 pitit fi Prezidan Ris Vladimir Putin, ansanb ak pitit chef diplomasi ris la Sergei Lavrov poutèt envazyon Larisi nan Ikrèn.
Peyi Inyon Ewopeyèn deside bloke byen La Risi , apre yo te deja jele omwen 29.5 milya dola nan byen Ris ak Belarisyen kek semèn apre envzazyon an te kòmanse. Se Komisyon Ewopeyen an Vandredi ki anonse nouvel la.
Larisi te demanti akizasyon Kyiv fè kote yo di ke Larisi tire yon misil sou estasyon tren Kramatorsk la ki tiye plizyè sivil, pami yo te gen plizyè timoun.
Omwen 39 moun mouri nan atak misil sou yon estasyon tren nan Ikren. Pami moun ki mouri yo gen ladan 4 timoun. Stasyon an sitye nan Kramatorsk nan lès peyi Ikrèn, kote plizyè milye moun te evakye sa gen plizyè jou, dapre sa sèvis sekou yo deklare.
Kòmandman santral lame Ameriken an (Centcom) anonse ke 4 sòlda Ameriken blese Jedi nan yon atak ak wòkèt kont yon baz militè anti-jihadis ke yo genyen nan rejyon Deir Ezzor, ki sitiye nan nòdès peyi Siri.
Kyèv akize Ongri Jedi, dèske l ap "ede Putin" nan lagè a, e ke l ap travay kont inite ke peyi Inyon Ewopeyèn yo geneyen vizavi Larisi kote yo tout ap eseye sere boulon li avek gaz l ap vann yo.
Load more