Minis afè etranjè fransè a, Jean-Yves Le Drian, te konvoke Anbasadè Ris la ankò nan Pari jodi jedi a , apre yon tweet anbasad la te fè ke Lafrans konsidere kòm "endesan" sou zak ki te komèt nan vil Boutcha nan Ikrèn.
Chèf diplomasi Ikrenyen an Dmytro Kouleba mande jedi manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik la pou bay li peyi li tout zam yo bezwen pou yo konbat fòs Larisi yo.
Jean-Pierre Clamadieu ki se prezidan jeyan enèji franse a Engie, avèti Jedi ke yon anbago sou enpòtasyon gaz Ris la ap gen yon enpak "masif" sou ekonomi peyi ewopeyen yo e patikilyèman afekte endistri a .
Peyi G7 yo te mande Jedi, sispansyon Larisi nan Konsèy Dwa Moun Nasyonzini an, nan yon deklarasyon yo tout te pibliye ansanm.
Nan yon deklarasyon Ministè Defans Ris la te bay laprès, li deklare pandan nwit Madi pou rive Mèkredi, yon atak aeryen Larisi te vize 24 sit militè Ikrenyen, ki gen ladann 5 depo ki gen ekiptman, zam etc.
Ministè Finans Ris la anonse Mèkredi ke li te regle yon dèt li te genyen an dola ak Roub apre bank etranje yo te refize kite li fè peman dèt li yo an dola.
Nan yon deklarasyon Minis Afè Etranjè grèk pibliye Mèkredi li di Lagrès pral mete deyò 12 diplomat Ris.
Gouvènman peyi Ongri konvoke anbasadè Ikrèn nan Mèkredi pou l pwoteste kont "ensilt" Kyiv fè sou pozisyon Budapest sou envazyon Ris la.
Tribinal militè Ouagadougou a kondane a vi tou lè twa moun yo di ki se otè entelektyèl asasinay ansyen Prezidan Burkina a Faso Thomas Sankara an 1987. Pami akize yo nou jwenn ansyen chèf leta Blaise Compaore.
Etazini pral adopte Mèkredi, an kowòdinasyon ak Inyon Ewopeyèn ak peyi G7 yo, plizyè nouvo sanksyon kont Larisi ki vize an patikilye entèdi "kelkeswa moun ou biznis envesti " nan peyi a.
Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy te mande Nasyonzini pou l aji kont "krim lagè" Larisi fè nan peyi l ', sinon LONU pa gen okenn rezon pou l existe - li dwe "senpleman fèmen".
Lafrans ak Almay anonse lendi ekspilsyon plizyè diplomat ris apre dekouvèt pandan wikenn nan, sa yo dekri tankou yon masak ke yo kwè ke sòlda Ris yo komèt nan Ikrèn, alòske l'Oksidan vle anonse "semèn sa a" nouvo sanksyon ekonomik kont Larisi.
Ministè Defans Ris la te asire Dimanch ke fòs li yo pa touye sivil nan Bucha. "Pandan peryòd kote zone sa a te sou kontwòl fòs lame Ris la, pa gen okenn rezidan ki te viktim ."
Almay deklare ke li enposib pou yo sispann achte gaz Ris la e sanksyon yo pran kont Moskou yo ap fè Inyon Ewopeyèn lan plis mal ke Larisi, se sa Minis Finans Alman an Christian Lindner te di Lendi.
Otorite lokal yo te sezi Vandredi yon yatch Ris ki t ap pase nan Sendomeng. Yo sezi yatch la sou demann la jistis Ameriken, dapre sa biwo Minis Jistis Dominiken an di.
Premye Minis Japonè Fumio Kishida deklare ke Japon pa gen okenn entansyon pou retire kò l nan yon gwo pwojè gaz yo genyen ak Larisi, malgre yo adopte plizyè sanksyon kont Larisi, menmjan ak peyi oksidantal yo, apre envazyon Moskou nan Ikrèn.
Ajans lapolis Ewopeyen an Europol te di Vandredi ke li te deplwaye ekip li sou fwontyè tout peyi Ewòp genyen ak Ikrèn pou konbat pasaj kriminèl ak "teworis" ki ap soti nan Ikrèn pou eseye antre nan peyi Inyon Ewopeyen yo, kote yap tou profite pou pase tankou refijye.
Vandredi, gouvènè rejyon Belgorod nan peyi Larisi deklare ke Ikrèn te fè yon atak nan elikoptè sou yon "depo gaz", vil sa anviwon 40 kilomèt ak fwontyè Ikrèn lan.
Semèn sa a, diplomat Ikrèn ak LaRisi te reyini nan peyi Tiki. Ikrèn fè konnen li pare pou l tounen yon eta neut - ak garanti sekirite - pou kalme enkyetid Ris yo kòmkwa li ka antre nan alyans militè l-OTAN an.
Load more