A pati de premye avril, tout peyi ki ap achte gaz Ris la,pral oblije gen kont nan woub, otreman Larisi pa pral vann ou gaz li, se deklarasyon sila ke Prezidan Putin te fè Jedi.
Direktè CIA a, William Burns, teste pozitif pou COVID-19 Jedi, yon jou apre li te rankontre ak Prezidan Biden .
Yon gwo Ofisyèl nan Pantagòn di ke fòs Ris yo kòmanse soti nan sit nikleyè Chernobyl la, yon kote yo te pran kontwòl nan premye jou envazyon yo nan Ikrèn,
Jeremy Fleming, ki se Chèf Ajans Entèlijans Grann Bretay la GCHQ , di ke Prezidan Ris la Vladimir Putin te surestime kapasite lame li a genyen, e ke li te panse ke li ta pral jwenn yon viktwa rapid.
Apeprè 83% Ris apwouve aksyon Vladimir Putin, dapre yon sondaj ki fèt. Sa reprezante yon ogmantasyon 12 pwen anplis konpare ak dènye sondaj ki te fèt nan mwa fevriye a. Se yon antite endepandan ki rele "Enstiti Levada" ki fe sondaj la.
Prezidan Ameriken an Joe Biden te pale jodi Mèkredi a ak tokay Ikrenyen li Volodymyr Zelenskyy.
Minis afè etranjè Slovaki a te anonse Mèkredi,ke yo te deside ekspilse 35 diplomat ris apre yo te resevwa enfòmasyon sèvis entèlijans yo.
Administrasyon Etazini ki kontwole afè manje ak medikaman (FDA) otorize yon 4èm doz vaksen Pfizer ak Moderna kont COVID-19 pou moun ki gen 50 tan e plis.
Konsèy Dwa Moun Nasyonzini an nonmen Mèkredi yon jij Nòvejyen ki te sèvi nan plizyè tribinal entènasyonal pou mennen ankèt sou vyolasyon Larisi ta fè nan Ikrèn.
Mèkredi, Almay te aktive rezèv ijans li pou garanti pwovizyon gaz nan peyi avek menas ke livrezon ki konn soti Larisi ap kanpe, apre Bèlen te rejte yon demann Ris kote yo temande yo pou yo pou peye gaz la an roub.
Bèljik deside mete deyò 21 diplomat ki tap travay pou anbasad ak konsila Ris la, yo sispèk ki ta enplike "nan operasyon espyonaj ak enfliyans ki menase sekirite nasyonal yo" Sophie Wilmès ki se chèf diplomasi a te anonse Madi.
Chif sou kantite moun ki t ap gade seremoni Oscar la moute yon ti kras pa rapò ak ane pase a kote li te bat rekò pou yon piblik redwi.
Gen apeprè "ant 3,000 ak 3,500" jounalis ki ki trouve yo nan peyi Ikrèn pou kouvri envazyon Ris la nan peyi a. Chif sa yo soti apre yon sondaj ONG grèk iMedD te fè.
Lendi Emira Arab Ini deklare ke peyi Oksidantal yo dwe "rezonab" nan atant yo, e yo reyafime angajman yo anvè alyans OPEP +, ki gen ladann peyi Larisi, kote peyi L'Oksidan yo ap mete presyon sou Moskou akoz atak li sou Kyèv.
Lendi, Prezidan Joe Biden te pwopoze nan bidjè 2023 li a pou fè Ameriken ki pi rich yo peye plis taks pou "bilyonè yo peye yon fason ki jis".
Brasri Olandèz Heineken anonse lendi ke li pral sispann aktivite li nan Larisi, kote kompayi a te genyen 1,800 anplwaye.
Prezidan fransè Emmanuel Macron te di Dimanch ke li "pa ta sèvi ak" mo sa yo ke Prezidan Ameriken Joe Biden, te itilize pou li dekri Putin. Biden te rele Vladimir Putin yon "bouche".
Kremlin an denonse kòmantè Prezidan Ameriken Joe Biden fè Samdi a kote li te jije ke tokay Ris li a Vladimir Putin "Paka Rete Sou Pouvwa a" apre envazyon li nan Ikrèn.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky nan dènye videyo li te pibliye Samdi nan aswè, te sipliye l'Oksidan pou ba li plis zam.
Minis Afè Etranjè Britanik lan, Liz Truss, deklare ke sanksyon Britanik yo te enpoze sou Larisi apre envazyon Ikrèn nan ka leve si Moskou dakò poul sispann frap yo epi epi retire twoup li yo nan Ikrèn.
Load more