Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau anonse vandredi nouvo sanksyon kont oligark Larisi yo.
United Airlines, se premye konpayi ayeryen Ameriken ki te enpoze egzijans vaksen kont COVID-19 la. Kounyea, li pral pèmèt anplwaye li yo retounen nan travay san yo pa vaksinen pandan ke otorite Ameriken yo ap pwolonje obligasyon pou moun mete mask nan avyon yo.
Plis pase yon mwa apre ke Lèzetazini te anonse ke li te elimine nimewo 1 an nan yon operasyon nan La Siri, Òganizasyon Eta Islamik la (IS) finalman konfime lanmò lidè li Abu Ibrahim al-Hachimi al-Qurachi, e nonmen yon siksesè pou vin ranplase nimewo 1 an.
Prezidan franse Emmanuel Macron kondane Jedi bonbadman militè Ris yo fè sou yon lopital matènite nan Mariupol, ki nan direksyon sid Ikrèn.
Òganizasyon Mondyal Lasante eksprime kè sote li mekredi 9 mas akoz gen anpil peyi ki diminye seriezman kantite tès COVID-19 yo sa ki redui kapasite profesyonèl sante piblik yo pou yo swiv ki kote koronavirus la ye, kijan li propaje e kijan lap evolye.
Anba presyon ke konpayi ap resevwa nan men piblik la pou koupe lyen biznis li nan Moskou. Coca-Cola anonse ke li sispann tanporèman tout operasyon li nan Larisi pandan ke konkiran li a PepsiCo planifye sispann vann bwason li yo nan Larisi men lap kontinye voye manje nan Moskou.
2 Responsab militè Malyen te vwayaje diskrètman nan peyi Larisi pou rezon ke yo pa kominike ofisyèlman.
Jounal Ameriken New York Times anonse Madi ke li te deside fè tout jounalis li yo kite Larisi akoz Moskou ranfòse restriksyon li sou medya endepandan yo, kidonk li oblije pran mezi sila pou pwoteje jounalis li yo.
Premye sivil yo kite ki te itilize koridò imanitè a soti nan vil Sumy nan nò Ikrèn te rive "san sekirite" nan sant peyi a, depite chèf administrasyon prezidansyèl la te anonse nan Madi.
McDonald's fè konnen Madi ke li ap fèmen 850 restoran ke li genyen nan Larisi. Li pran desisyon sila a nan moman plizyè biznis ameriken ap sispann aktivite yo nan Moskou apre envazyon militè Ikrèn nan.
Lame Ris la te anonse Madi yon nouvo trèv pou sivil yo kapab pati kite Ikrèn apati 07:00 GMT Mèkredi.
Nan yon reyinyon sou konferans videyo devan palman Britanik la Madi Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky deklare "Nou pral goumen jiska la fen".
Anpil biznis Ameriken tankou Apple ak Levi jeans deside sispann aktivite yo nan Larisi. Men, kèk konpayi toujou chwazi kontinye opere nan Moskou malgre risk ki genyen pou repitasyon yo.
Yon fanm ansent ki soti nan peyi Nikaragwa te mouri apre yo te abandone li ak plizyè lòt migran nan yon kamyon ki tap fè trafik migran.
Omwen 13 moun pèdi lavi yo nan yon Boulanjri apre yon bonbadman ki te fèt nan Makariv, yon vil ki mennen sou wout prensipal Kyèv la. Atak la fet nan moman Larisi ak Ikren te kòmanse yon twazyèm seri negosyasyon sou evakyasyon sivil yo nan tout ti bouk lame Ris la antoure.
Twazyèm sesyon chita pale ant otorite Ris yo ak Ikrenyen yo, te fèt Lendi nan peyi Byelorisi. Vladimir Medinsky ki reprezante Moskou deklare yo pa sastifè de sa yo tap attann kòm rezilta nan reyinyon an.
Load more