Minis Finans ak Etranje Alman yo te pale Dimanch kont yon entèdiksyon sou enpòtasyon gaz, ak chabon ki soti nan peyi Larisi nan kad nouvo sanksyon ke peyi ki nan l'OTAN yo vle mete sou Mouskou pou envazyon li nan peyi Ikrèn.
Plizyè ofisyèl wo plase ameriken te vwayaje nan Venezyela samdi pou rankontre gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a, dapre sa jounal New York Times rapòte nan moman kote Washington ap chèche izole Larisi tout kote, akoz twoup militè Ris yo anvayi vwazen li Ikrèn.
Brittney Griner ki se on chanpyonn olenpik ekip baskètbòl Ameriken an, jwenn arestasyon li nan Larisi . Otorite ris yo arete li paske yo te jwenn li te an posesyon nakotik.
Dimanch prezidan fransè a, Emmanuel Macron, te pale ak tokay ris li Prezidan Putin.
Vandredi, regilatè Entènèt Ris Roskomnadzor bay lòd pou bloke Facebook nan peyi a, yo akize rezo sosyal la pou "diskriminasyon" li kont medya Ris yo.
Jounal endepandan Ris Novaïa Gazeta, te anonse vandredi ke yot retire kèk nan kontni ki sou sit web yo, ki te gen rapò ak gè a nan Ikrèn, yon fason pou yo evite sanksyon nan men otorite medya ris yo.
Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken te di Vandredi nan Brussels ke Etazini ak Inyon Ewopeyèn lan dwe kenbe presyon yo sou Larisi pou mete fen nan lagè a nan peyi Ikrèn.
Ikrèn akize Larisi apre yon atak nan mitan lannwit sou santral Nikleyè Zaporozhye, ki se pi gwo santral an Ewòp. Atak sila a te bay anpil laperèz paske otorite yo te pè pou sa pa kreye yon dezas pou popilasyon an.
Timothy Zuñiga-Brown, ki se chaje dafè nan anbasad Etazini nan La Havàn deklare ke Konsila Ameriken an nan Kiba, ki te fèmen depi 2017, pral rekòmanse aktivite yo, yo pral bay viza nan yon fason ki "limite".
Senatè Ameriken an Lindsey Graham mande "yon moun nan Larisi" pou asasinen Prezidan Vladimir Putin. "Se tap "yon gwo sèvis" pou peyi l ansamb ak tout rès mond lan, senate a deklare.
Prezidan Ris la Vladimir Putin di ke "operasyon militè yo" nan Ikrèn ap mache selon "plan" yo.
Apre Prezidan franse a Emmanuel Macron te pale fin pale nan telefòn ak prezidan Ris la Vladimir Putin, li fè konnen ke bagay yo ka vin pi mal nan peyi Ikrèn, paske Putin detèmine pou li kontinye operasyon militè a e pou li pran kontwòl tout Ikrèn.
Chita pale ant Larisi ak Ikrèn sou fwontyè ant Byelorisi ak Polòy kòmanse. Gen 8 jou depi militè Ris fè yon envazyon nan peyi Ikrèn. Konseye prezidansyèl Ikrenyen Mikhailo Podoliak te anonse nan chita pale sa a Jedi.
Lame Ikrenyèn nan envite manman sòlda Ris ke yo kaptire sou teritwa yo, pou vin chèche yo. Kyèv di yo arete on douzèn sòlda Ris ki te fè pati gwoup militè ris ki te anvayi peyi Ikrèn nan.
Lachin kòmanse evakye sitwayen li yo ki te bloke nan peyi Ikrèn akoz envazyon militè Ris nan peyi a, e gen youn nan sitwayen li yo ki blese.
Ministè Sante Palestinyen an deklare ke fòs Izraelyen yo touye 3 Palestinyen nan Sisjordanie Madi.
Facebook ak YouTube a bloke medya Ris RT ak Sputnik Madi an Ewòp, FB ak YT akize 2 medya yo, yo di ke yo ap pwopaje fo enfòmasyon sou envasyon an nan Ikrèn.
FIFA deside eskli patisipasyon LaRisi nan match eliminatwa mondyal 2022 yo, e yo anonse tou sispansyon ekip nasyonal ris ansamb e Konfederasyon Ewopeyen an ( UEFA) deside sispann tout klib Ris yo. Desizyon sa yo pran akoz LaRisi deside envayi peyi Ikrèn.
Load more