Prens William d'Anglete ak madanm ni Catherine Duches Cambridge la ap vizite La Jamayik, nan kad yon vire won yap fe nan Karayib la nan moman peyi nan rejyon an ap gade pi pre konpotman Monarchi Britanik la nan epok kolonyal la. Marie Luce Pierre gen detay pou VOA Kreyol.
Kou Siprèm Etazini an ap genyon nouvo jij anvan lontan. Men kijan pwosesis sa a dewoule e poukisa? Marie Luce Pierre gen detay.
Lekol pou tout elèv pral louvri semèn sa a . Daprè sa Ministè edikasyon Taliban ap dirije nan Afghanistan an anonse lendi 21 mas, e se premye fwa li bay siy klè konsa ke tifi yo pral jwenn pèmisyon pou yo tounen lekol.
Yon envestigatè Nasyonzuni lanse apèl pou mande yon fen nan izolman entènasyonal Kore du Nò a, li bay avètisman pou di izolman kap kontinye sa a pral prolonje violasyon dwazumen nan peyi a kap vin pi grav.
Kore di Nò lanse yon misil , e sanble li utilize yon systèm ki ka lanse plizyè rokèt dapre sa lame Kore du Sud rapòte dimanch ki sot pase a. Se denye nan yon seri tès misil Kore du No.
Kantite ameriken ki te aplike pou benefis chomaj semèn pase diminye pandan ke afè voye moun al chita lakay yo a kontinye ap bese nan yon mache travay ki rebondi avek fòs.
Mezon Blanch anonse jedi 17 mas la ke Kòwodonatè COVID-19 pou Joe Biden la, Jeff Zients ak kòwodonatè adjwen, Natalie Quilliam ap kite administrasyon an nan mwa k-ap vini an. Se Dr. Ashish Jha Dwayen Lekol Sante Publik Universite Brown nan ki pral ranplase yo.
Nasyonzini sot òganize yon konferans peyi donatè sou entenèt la ant eta manm li yo mekredi 16 mas la pou ranmase pou pi piti $4.2 milyon pou finanse ane sa a efò imanitè nan Yemen ke lagè fin ravaje.
Prezidan EtazIni Joe Biden pral vwayaje Brussel nan peyi Beljik nan semèn k-ap vini an kote li pral patisipe nan yon somè ekstwòdinè l”Otan ki fikse pou 24 Mas, yon mwa apre Larusi fin anvayi Ukrèn ki nan vwazinaj li.
Plis pase 2 milyon 800 mil moun deja kouri kite Ikrèn depi envasyon Larusi a te komanse daprè Nasyonzuni. Se egzòd refujye ki pi rapid depi 2 zyèm gè mondyal la daprè kèk ekspè.
Nan dat 11 Mas 2020, Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) te deklare COVID-19 se yon pandemi.
Depatman d'Eta fè konnen li peye plis pase $2 milyon pa mwa pou bay ansyen sekretè d'Eta Mike Pompeo avek yon otorite wo plase nan ekip li sekirite 24 sou 24, paske yo fè fas a menas grav ke moun ka kwè, ki soti bò kote Iran.
Pati ki ap eseye resisite akò nikleyè Iran an te lite mèkredi a pou rezoud ekzijans denye minit Ris yo, sa ki menase pou fè negosyasyon yo echwe daprè sa diplomat yo di. Pandansetan, Etazuni sanble pa gen volonte pou-l angaje-l avek Larisi sou kesyon an.
Vis Prezidan Etazini Kamala Harris apiye jodi jedi-a apèl kèk lidè mondyal lanse pou gen yon ankèt entènasyonal sou envazyon LaRisi nan Ikrèn nan ak bonbadman kont sivil, pami yo timoun ak fanm ansent nan yon lopital matènite.
Vis prezidan Etazini Kamala Harris pral fè yon visit nan Poloy ak Woumani, visit ki pral santre sou fason manb l”Otan yo ka aplike sanksyon ekonomik ki an plas yo.
Iran ap etidye dokiman preliminè yon akò pou resisite akò nikleyè 2015 la ke li te siyen avek grann pwisans yo nan chita tande ki te dewoule nan vil Vienne an’ Otrich dapre sa minis afè etranjè li a fè konnen samdi ki sot pase a.
Marie Luce Pierre ba nou kont randi sityasyon medam yo Ozetazini apre yon ane ki te chaje ak defi pou tout moun, men ki te pote anpil move konsekans pou medam yo sitou.
Kore di Nò fè konnen li fè yon lot tès enpotan, kote li lanse yon sistèm satelit Rekonesans daprè sa Ajans Nouvel KCNA rapote yè dimanch la, yon jou apre otorite militè nan rejyon an te rapòte lansman yon misil Balistik ki soti nan peyi a pou 2 zyèm fwa nan yon semèn.
Kantite ameriken ki aplike pou benefis chomaj diminye semèn pase a, sa ki reflete reyalite a kote gen mwens konpayi ki voye moun chita lakay yo atravè tout sektè nan ekonomi an.
Load more