Mezon Blanch pibliye yon plan mekredi 2 Mas la pou kontwole Covid-19, k-ap pèmèt ameriken yo ka vanse san danje ak lavi yo san yo pa oblije fèmen ni lekol ni biznis yo.
Nan kapital Nijerya a, mèkredi, gwoup k-ap defann dwa medam yo proteste pou mande pou gen plis fann ki reprezante yo nan palman peyi a. Madi a, palmantè yo te apwouve yon pwojè lwa ki ta rezève 20 pousan syèj pou medam yo, men manifestan yo di yon senkyèm pa ase.
31 manm ajans entènasyonal enèji a fè konnen madi premye Mas la ke yo gen pou debloke 60 milyon dwoum petwòl ki nan rezèv estratejik yo pou ranfòse mache petwòl mondyal la apre envazyon LarIsi nan Ikrèn nan.
Yo te idantifye depi mwa Oktòb 2021 omwen yon timoun ki gen polio ki paralize-l tandiske gen 19 lot timoun ki enfekte men yo pa paralize. Yon kanpay vaksinasyon kont polio te komanse nan dat premye fevriye pase.
Paran, fanmi ak zanmi etidyan ki soti Nijeria e ki bloke nan Ikrèn tap chante nan moman yo tap defile devan anbasad LaRisi a nan Abuja lendi 28 fevriye pase a, kote yo tap lanse apèl pou mande lapè nan Ikrèn e pou fè etidyan yo evakye tousuit kite peyi a ke lagè fin ravaje a.
Iran ap etidye dokiman preliminè yon akò pou resisite antant nikleyè 2015 la ke li te siyen avek grann pwisans yo nan chita tande ki te dewoule nan vil Vien an’Otrich dapre sa minis afè etranjè li a fè konnen samdi ki sot pase a.
Chofè gwo kamyon Etazini yo ki pran yon siyal nan manifestasyon ki te paralize kapital Kanada a pandan plizyè semèn ap planifye pou yo kondi 4 mil kilomèt nan direksyon Washington DC pou proteste kont restriksyon koronavirus yo.
Oganizasyon mondyal lasante ap kreye yon sant antrènman mondyal pou ede peyi ki gen mwayen fèb yo develope vaksen, tretman pou kansè ak antikò kote yo pwal sèvi ak teknoloji mRNA ki bay bon rezilta nan kreye vaksen pou COVID-19.
Premye minis Pakistan an, Imran Khan ap vwayaje nan la Risi jodi mekredi a pou-l rankontre avek prezidan Vladimir Putin nan moman loksidan kondane lidè ris la pou kriz Ikrèn nan k-ap vin pi grav.
Hong Kong pral fè tès COVID-19 pou tout popilasyon ni an ki se 7 milyon 500 mil moun nan mwa mas la daprè sa lidè vil la fè konnen madi 22 fevriye a nan moman l-ap fè fas ak pi move epidemi ke varyan Omicron an pote pou li.
Jan ke yo tap atann nan, premye minis Britanik la, Boris Johnson anonse yè lendi a finisman tout restriksyon andan peyi a kont COVID-19 a pati 24 Fevriye kap vini an, e li p-ap menm ekzije pou moun ki teste pozitif pou enfeksyon an izole tèt yo.
UNICEF anonse dimanch ki sot pase a yon efò pou sipòte ak lajan cash tout profesè edukasyon public nan Afghanistan pou mwa Janvye ak Fevriye a, li di mouvman sa a pral pemèt tout ti fi ak ti gason ki gen laj pou lekol kontinye resevwa edikasyon.
Se yon kesyon anpil moun poze pandan preske 2 zan: ki lè pandemi coronavirus la ap fini.
Minis defans Etazini Lloyd Austin rive nan Brusèl an Bèljik kote li pral fè chita tande avek dirijan l'Otan yo e ak minis defans peyi alye yo nan moman plizyè dizèn milye solda rus ansèkle Ikrèn nan nò nan sud ak nan lès.
Prezidan tik la, Recep Tayyip Erdogan ap vizite Emira Arab Uni avek espwa li ka repare pwoblèm ki make relasyon antre yo.
Duchess Cornwall la teste positif pou COVID-19 e li deside antre nan izòlman dapre yon komunike ki soti nan rezidans li ki se Clarence House. Nou ap kontinye suiv konsiy gouvenman an.
Gouvènman vil New York ap pare pou-l revoke plis pase 4 mil anplwaye poutèt yo pa konfòme yo ak obligasyon vil la fè pou yo vaksinen .
Load more