Sèvis ransèyman Larisi yo ap mennen ankèt pou konnen si ajans espyonaj Lwès yo te jwe yon wòl nan rebelyon avòte ke konbatan mèsenè Wagner yo te fè nan Samdi, se sa Minis Zafè Etranje Sergei Lavrov di nan Lendi 26 Jiyè.
Mond lan espere ke Etazini ak Lachin pwal travay ansanm kòm 2 pi gwo ekonomi yo, se Sekretè Trezò Ameriken Janet Yellen ki fè deklarasyon sa vandredi 23 Jen nan yon somè ki te fèt nan Pari pou chache soulaje dèt peyi pòv yo e debloke finans pou ede yo fè fas ak chanjman klima a.
Otorite nan peyi Ondiras ap mennen ankèt sou revòlt ki te koze lanmò omwen 41 moun nan yon prizon fanm madi 20 Jen 2023 a.
Frantzdy Pierrot make yon gòl nan 97e minit pou li pouse Ayiti jwenn yon viktwa 2 a 1 kont Katar nan match Gwoup B nan Gold Cup KONKAKAF la nan Houston.
Apre palman peyi Uganda te adopte youn nan lwa ki sevè kont masisi ak madivin, kounya Kenya kapab swiv menm chimen sa pou tabli pwòp la pa li nan peyi a kont kominote LGBTQ a, kote plizyè manm kominote sa a deja kòmanse plenyen ke yo pa santi yo lakay yo.
Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken anonse Mèkredi 21 Jen ke Etazini pral voye 1.3 milya dola èd anplis bay Ikrèn pou ede peyi a ki pran anpil frap nan konfli a repare rezo enèji li yo ak pou ede li modènize pò li yo, ray tren li ak lòt enfrastrikti.
Prezidan Vladimir Putin di Mèkredi 21 jen an ke nouvo jenerasyon misil balistik entèkontinantal Sarmat Larisi yo, ki ka pote 10 oswa plis tèt nikleyè, ap nan pozisyon pou konba anvan lontan.
Prezidan fransè Emmanuel Macron akeyi vandredi 16 Jen Prens eritye kouwòn Arabi Saoudit la, Mohammed bin Salman al Saud, nan palè prezidansyèl Elysée a nan Pari.
Nan Nijerya paran pote fatra resiklab pou peye frè lekòl timoun yo.
Otorite nan peyi dAyiti fè konnen nan dat lendi 5 jen, gwo lapli lakoz inondasyon nan plizyè zòn, kote omwen 42 moun pèdi lavi nan 2 jou ki pase yo epi plizyè douzèn lòt disparèt ak blese.
Zak vyolans gang yo ap komèt an Ayiti redwi "drastikman" apre mouvman "Bwa Kale" a te kòmanse dapre gwoup CARDH, ki fè rechèch sou sityasyon dwa moun an Ayiti.
Prezidan Ouganda a, Yoweri Museveni, apwouve yon lwa kont omoseksyalite, dapre sa prezidan palman peyi a di nan yon pòs sou Twitter lendi 29 Me.
Load more